Tout sèvis ke HCR, OIM, ak patnè yo bay yo GRATIS. Pa met konfyans nan okenn moun ki mande ou peye pou yon sèvis ki gen rapò ak inisyativ ‘Mobilite Sekirize’. 

Enfòmasyon sou Pwoteksyon Done 

Li enfòmasyon detaye sou fason yo trete done pèsonèl ou nan kad inisyativ Mobilite Sekirize.

Enfòmasyon sou pwoteksyon done selon peyi 

Enfòmasyon jeneral sou pwoteksyon done 

Kesyon ak plent 

Si w gen kesyon oswa enkyetid sou fason HCR ak OIM trete done ou yo nan kad inisyativ Mobilite Sekirize, ou ka voye yon imèl nan [email protected] oswa rele sant kontak Mobilite Sekirize a nan nimewo gratis ki anba yo.

Kolonbi: 0 1800 519 0665

Kosta Rika: 0800 032 0009

Ekwatè: 1800 001667

Gwatemala: 1 800 3000 203

Si w vle depoze yon plent bay HCR ak/oswa OIM sou fason y ap trete done ou yo, oswa ou vle pote plent pou nenpòt lòt rezon, ou ka ekri bay Enspektè Jeneral nan òganizasyon ki apwopriye a. Ou ka depoze yon plent bay Biwo Enspektè Jeneral OIM nan [email protected] oswa bay Biwo Enspektè Jeneral HCR atravè paj wèb yo oswa pa imèl nan [email protected].