Enfòmasyon sou nouvo lachemenn legal nan Kanada ki konpliman avèk Movilidad Segura

Gouvènman Kanada ofri yon varyete pwogram pou imigrasyon pèmanan ou pwovizwa o Kanada. Bi imigrasyon Kanada se pou ranfòse ekonomi an, reyini fanmi yo e ede refijye yo.

Nou envite w itilize zouti ki rele Vini Kanada pou w kab konnen ki pwogram ki bon pou ou e pou w kapab rive konnen tout pwogram imigrasyon ki disponib yo.

Nouvo pwogram imanitè Gouvènman Kanada

Gouvènman Kanada lanse yon nouvo wout imanitè  ki kab rive bay 11 000 Ayisyen, Venezwelyen ak Kolonbyen ki gen fanmi yo nan Kanada rezidans pèmanan nan peyi a.

Pou w ka elijib, demandè prensipal la dwe :

  • Yon sitwayen peyi Kolonbi, oubyen peyi dAyiti oubyen Venezwela.
  • Abite nan Amerik Santral, oubyen an Amerik di Sid, nan Karayib la oubyen o Meksik, men li pa dwe abite Ozetazini ni o Kanada.
  • Yon mari oubyen madanm, yon moun ki plase, pitit (ki ka nan nenpòt ki laj), pitit pitit, manman, papa, frè, sè yon sitwayen Kanadyen oubyen yon moun ki gen rezidans Kanada. Moun sa a ki sitwayen oubyen rezidan kanadyen an dwe siyen yon deklarasyon ke l ap sipòte demandè a pandan 1 an.
  • Pa gen entansyon abite nan Kebèk.

Ou ka jwenn plis enfòmasyon sou kondisyon yo nan sit Imigrasyon sila a: Sitwèb Imigrasyon.

Yon lide jeneral sou pwogram rezidans pèmanan oubyen pwovizwa Kanada a

Pwogram wout mobilite ekonomik (EMPP):

Pwogram Mobilite ekonomik lan (EMPP) mare imigrasyon pou refijye ansanm  ak imigrasyon ekonomik. Se yon wout ki :

  • Ede refijye ki gen konpetans rive imigre nan Kanada pamwayen pwogram ekonomik ki egziste yo;
  • Bay bizisman aksè pou yo jwenn yon nouvo ekip kandida kalifye ki kapab vin ranpli pòs travay ki disponib yo.

Pou yon moun ranpli kondisyon Pwogram wout mobilite ekonomik la, kandida a dwe:

  • Genyen youn nan dokiman sa yo :
    • Papye refijye ke Wo Komisarya Refijye Nasyonzini (UNHCR) bay, oubyen yon papye refijye ki soti nan peyi kote moun nan refijye a.
    • Prèv ke li enskri oubyen anrejistre kòm ‘pèsonn konsène’ nan Wo Komisarya Refijye Nasyonzini (UNHCR).
    • Yon sètifika refijye ke Ajans Nasyonzini pou refijye palestinyen yo (UNRWA) bay.
    • Prèv ke li enskri oubyen dosye ki montre ke se yon ‘pèsonn konsène’ nan UNRWA.
    • Dokiman ki montre ke li se yon refijye pwovizwa ke gouvènman kote li ye bay E osibyen demontre ke li pagen mwayen jwenn okenn solisyon pèmanan.

OUBYEN

  • Kandida a dwe gen gran posibilite pou l ta defini tet li kòm yon refijye selon Konvansyon an oubyen li manm gwoup azil nan peyi a.
  • Akimile omwens yon ane eksperyans pandan yon peryòd detan.
  • Genyen omwen kapasite debaz oubyen nivo entèmedyè nan pale angle ou franse.

Pou plis enfòmasyon sou Pwogram mobilite ekonomik la (EMPP) e sou moun ki ranpli kondisyon yo, silvouplè vizite sitwèb Imigrasyon Kanada a nan Pwogram wout mobilite ekonomik la – Canada.ca.

Pwogram parenaj prive pou refijye (PSR)

Pwogram parenaj prive pou refijye a fèt pou parene refijye ak moun ki nan sitirasyon refijye. 

Pou ranpli kondisyon pou parenaj la, yon refijye dwe :

  • Ap viv nan yon lòt peyi ke Kanada
  • Ranpli kondisyon kòm refijye selon Lwa Pwoteksyon Refijye ak Imigrasyon Kanada.
  • Demontre ke pagen okenn bonjan solisyon ki disponib pou li.
  • Pase egzamen medikal, sekirite ak verifikasyon kriminèl.

Anplis de sa, refijye yo va jwenn evalyasyon sou kapasite ke yo genyen pou yo etabli tout bon nan Kanada. Nan evalyasyon sa a, ajan imigrasyon an gen pou l konsidere si refijye a genyen:

  • Fanmi ak sipòtè nan Kanada.
  • Kapasite pou l pale, oubyen aprann Angle oubyen Fransè.
  • Kapasite pou l travay e si li gen anpil posibilite ak talan pèsonèl. 

Ki moun ki kab sipòtè  (Gen kondisyon sou sa):

  • Moun ki gen siyen akò parenaj (Sponsorship Agreement Holders, SAHs)
  • Gwoup konstitiyan (Constituent Groups, CGs)
  • Gwoup de 5 (G5)
  • Sipòtè Kominotè (CSs)

Jwenn plis enfòmasyon sou pwogram nan sou sitwèb Imigrasyon Refijye and Sitwayènte Kanada: Pwogram prive pou parenaj refijye – enfòmasyon pou refijye – Canada.ca

Pwogram pou ouvriye etranje pwovizwa

Ou kapab elijib pou w jwenn yon pèmi travay pou w travay nan Kanada pou yon ti tan. Gen diferan tip pèmi travay ki egziste, silvouplè vizite sitwèb Imigrasyon an pou w ka jwenn lòt opòtinite ki disponib  : Travay pou yon titan nan Kanada – Canada.ca

Parenaj familial:

Si ou genyen yon fanmi pwòch nan Kanada, li posib ke ou elijib pou yon parenaj familyal.

Ki moun ki kapab sipòtè (Gen kondisyon pou sa):

  • Yon sitwayen Kanadyen oubyen yon rezidan pèmanan nan Kanada.
  • Ou dwe gen 18 tan pou pipiti.

Kiyès ki ka jwenn parenaj sa a:

  • Moun ou marye
  • Moun ou plase ak li
  • Patnè konjigal
  • Pitit fi ou pitit gason
  • Manman, papa
  • Granpè, granmè
  • Frè ou sè ki òfelen
  • Neve ak nyès ki òfelen
  • Pitit pitit ki òfelen

Vizite sitwèb Imigrasyon an (IRCC) pou plis detay :  Parene yon fanmi:  Kijan sa ka fèt – Canada.ca

Antre Eksprès

Antre Eksprès se yon sistèm anliy ki disponib pou jere aplikasyon moun ki se ouvriye ak konpetans nan domèn imigrasyon.

Nan Antre Eksprès, nou jwenn 3 kalite pwogram imigrasyon:

  • Klas pwogram eksperyans Kanadyen (CEC) pou ouvriye konpetan ki gen travay nan Kanada

Kondisyon pou w ka aplike pou klas pwogram eksperyans Kanadyen (Antre Eksprès) – Canada.ca

  • Metye Konpetan nan federal (FST) pou ouvriye ki kalifye ak yon metye konpetan

Kondisyon pou w ka aplike kòm Metye manyèl konpetan nan pwogram federal la (Antre eksprès) – Canada.ca

Mèsi pou enterè ou!